SA K PASE AYITI ? Journée internationale du créole le 28 oktob !

SA K PASE AYITI ? Journée internationale du créole le 28 oktob !
Jan-Mapou-Miami-Little-Haiti

Ponnch kreyòl ak Jan Mapou

Bonjou tout moùn. Nou rantre nan lakou-a…anba tonèl jounal “Le Courrier de la Floride” pou pote pou nou yon ti ponnch kreyòl detanzantan. Ti ponnch lan yon mwa, li ka yon powèm. Yon lòt mwa, li ka yon ti istwa, yon kont oubyen yon nouvèl literè. Pou etranje ki ta renmen aprann li kreyòl, n’ap pote pou yo kèk ti enfòmasyon sou òtograf lang kreyòl la. Konsa, n’ap louvri zèl nou sou kominote frankofòn nan ,,,Yon fason pou nou di: “Yo fè yo voye ban nou. N’ap fè n ap voye ba yo tou.”

Mwa oktòb se mwa prèske tout zile yo ap fete lang ak kilti kreyòl. 28 oktòb, se jounen entènasyonal kreyòl. Peyi tankou Ayiti, Gwadloup, Matinik, Dominik, Sent Lisi, Sechèl …ap fete tèt kale. Men kijan sa te pase:

-An 1975 nan peyi Lamatinik patizan kreyòl yo kreye Group D’Etudes et de recherhe en espace créolophone
-Novanm 1976, Comité International des Etudes Créoles fè premye reyinyon entènational nan Nice an France. Pwofesè ayisyen Pradel Pompilus te manm nan komite-a ; nan pita Maximilien Laroche te vin kole zepòl ak yo.
-28 mas – 1 avril 1979 nan les Iles Vierges te gen yon woumble (Kolok) yo rele “Theorical orientation in creole studies” (oryantasyon teworik nan etid kreyòl yo). Pwofesè Valman nan inivèsite Indiana te sèl majòjon. Te gen 30 Ayisyen prezan. 10 ladan yo te soti nan dyaspora ayisyen an.
-Men se nan mwa Me 1979 vin gen yon dezyèm reyinyon entènasyonal sou Tèm Kreyòl ak devlopman ; Komite International des Etudes Créoles te òganize reyisyon sa-a nan Sechelles , yon peyi nan Oseyan endyen-an. Kote lang kreyol se lang ofisyèl peyi-a. Nan peyi Sechèl, yo pale Angle ak Franse. Yo te sou dominasyon Franse ak Angle . Yo vin endepandan an 1976.
– Se finalman nan ane 1981 nan zile St Lucie pandan yon woumble entènasyonal, espè yo ki te soti toupatou nan karayib la , kreye mouvman yo rele BANNZIL KREYÒL ki vle di an nfranse : ARCHIPEL CREOLE . Se yon òganis ki gwoupe fouyapòt, edikatè, lengwis, animatè kiltirèl, atis, defansè lang nan kèlkeswa kote zile yo soti ki pale kreyòl tankou Matinik, Gwadloup, Sent Lisi, Doninik, Giyàn, Ayiti… Peyi nan oseyan endyan-an tankou Moris, Reyinyon ak Sechèl .
– An 1983 nan eta Louisiane nan peyi Etazini, komite Bannzil la deside yo kreye yon Jounen Entènational Kreyòl. Yo dakò pou yo kenbe 28 oktòb jou peyi Dominik te pwopoze. Objektik jounen kreyòl la se sansibilize kreyolofòn toupatou sou latè pou defann lang kreyòl la, ekspoze richès ak bèlte kilti kreyòl yo; epi fè pwomosyon lang kreyòl la kòm lang kominikasyon antre moùn ak kominote.

Inisyativ jounen kreyol la te soti nan komite Bannzil la «  yon bann pitit , yon sèl manman » ki mete tèt ansanm pou defann enterè yo, kinan yo, pou peyi yo vanse pou devan. Yo te chwazi yon dat, yon jou ki pa yo ki pa nou. Jou pou tout kreyòl chita ekri, pale, panse, aji, reyaji an kreyòl. Pou atis yo jwe mizik, distribye liv, foto, abiman an kreyòl. Jou sa-a Se dènye vandredi mwa oktòb, Pou ane 1983-a li te tonbe yon Samdi. Anpil peyi selebre dènye wikenn mwa Oktòb pou atire touris epi penmèt natif-natal yo selebre agranlijyèn..
Lang Kreyòl la pou noumenm Ayisyen , se ekspresyon lakontantman nou, soufrans nou,  lapenn nou ak viktwa nou.  Se espresyon tribilasyon zansèt nou yo tankou kri revòt esklav yo nan Bwa Kayiman, vonmisman kanno nan Vètyè, nan Bit-Charye, nan Laravin-a-koulèv… Se ekspresyon eklatman chenn esklavaj-la ak bri bòt opresè yo k’ap kraze rak…  Se eko yon bèl  alelouya  k’ap monte nan lè-a premye janvye 1804 apre lame endijèn nan dechouke lame Napoleyon-an nan Sen Domeng… Ayisyen pale e viv an kreyòl ! se idantite nou. Pou jounen entènasyonal Kreyòl la nou swete tout ayisyen ak karibeyen yo : Bòn Fèt !

Jan MAPOU

 


Tags assigned to this article:
créoleFlorideHaïtijan mapoukreyolMiami

Related Articles

No comments

Write a comment
No Comments Yet! You can be first to comment this post!

Write a Comment

Laisser un commentaire

Nous avons besoin d’amourrrrr !

Un like sur Facebook, c’est très important pour la presse indépendante

Vous pouvez le faire ci-dessous.   MERCI A VOUS !