BÒN ANE 2017 : SANTE – PWOSPERITE – KENBE DJANM !

BÒN ANE 2017 : SANTE – PWOSPERITE – KENBE DJANM !
Jan Mapou, écrivain et libraire à Little Haïti

par Jan Mapou, écrivain et libraire à Little Haïti

Les vœux de Jan Mapou (le plus célèbre libraire de Little Haïti) en kréyol :

Nwèl ak joudlan do pou do. Yo sanble kou de gout dlo. Lakay premye janvye se pa senpman ti joudlan, men  li gen yon siyifikasyon marasa. Se premye jou ane-a se vre ; men tou se jou zansèt nou yo te kanpe nan vil Gonayiv pou deklare omonn antye, esklavay kaba nan peyi Ayiti,  Ayiti lib-e-endepandan. Ewo nou yo, esklav ak milat ki te kole tèt ansanm pou te goumen, mete blan kolon yo deyò, t’ap selebre. Bèl diskou. Bweson t’ap koule agran lijyèn. Kidonk, nan kilti pa nou,  jou sa-a chaje ak yon dyakout evennman istorik.

Apre 3 syèk esklavaj, yon olokòs ki detui plis pase yon milyon moùn;  endyen ak nèg pou satisfaksyon lapeti blan kolon, premye janvye 1804 libera lesklavaj te chante nan Gonayiv.

Pou noumenm Ayisyen, Joudlan se moman refleksyon. Se moman rezolisyon. Men tou anplis ak lòt pèp yo, se jou pou swete larezone, mande Granmèt la pou li  simaye lajwa ak lasante nan kè tout kretyen vivan.

Chak peyi gen fason pa yo pou selebre Joudlan. Nan gwo peyi kapitalis yo tankou Etazini, Kanada,  Lafrans, Langletè, peyi Lachin… Magazen pa gentan pou fè twalèt tank yo bizi. Anplwaye ap bourike san pran souf.  Malgre tan-an di, sitiyasyon ekonomik yo malouk, nan pwen lajan,  madanm toujou ap achte kado pou mari, mennaj ap achte  kado pou ti boubout yo. Mesye yo yomenm kon moùn fou ap mache monte desann ap chache kado pou fè ti zanmi ak fanmi yo plezi. Malgre Nwèl se pou timoùn, Joudlan se pou granmoùn, anpil timoùn jwenn kado ak zetrenn pou premye Janvye.

  Nan gwo peyi, yo fè bèl parad,  tire peta, pete klorat, dekore syèl la ak fedatifis miltikolò pou chase devenn, movezè  ak teworis malveyan k ap simen laterè… Nan peyi Larisi pa ekzanp  Ris yo kave chanpay agogo. A minui tapan pandan 12 kou ap sonnen, Ris yo kase yon boutèy chanpay nan gagann yo, yo pran 12 kou. Yon kou pou chak kou d’ klòch.  An Ekwatè  ak nan peyi Pewou,  yo fè yon bann mannken ak  ranyon, kòtkabann epi aminui tapan, yo boule yo ratè;  fè yo tounen sann pandan y’a fè demann. Se siy pou yo chase satan, òltègèt vye devenn kòde ki anvayi kay yo.   Nan peyi sa yo tou, si yon moùn ap fè demach pou l’ vwayaje ;  Pa ekzanp, si  li pral mande viza pou l’ rantre Ozetazini, enben moùn sa-a ki bezwen vwayaje-a, pran valiz li, pete yon sèl kous kouri, fè won kay li plizyè fwa epi l’ ap repete Etazini-Etazini osnon Miyami-Miyami… Ayayay! Se pa fou l’fou non, se chans l’ap rele wi, chans pou konsil la apwouve demann li.   Sa fè m sonje lakey nan ane 1960 yo  gen « Save » Lakay yo ki konn fè senp yo, yo fè seremoni beny chans, pike zegwi, limen balenn tèt-anba osnon yo ba-w yon sigarèt pou limen 5 minit anvan ou rantre  al devan konsil la. Yo di-w pou rale 3 nwaj devan pòtdantre konsila-a ; epi tenyen sigarèt la. Ak kondisyon pou peye yo ant 100 e 200 dola US. Majorite dèka, ti wanga-a pa mache.

Gen lòt peyi nan Lamerik-la, pou resevwa Joudlan-an, yo pran yon grap rezen epi aminui tapan, sou chak kout d’ klòch, yo manje yon grenn rezen. Kidonk 12 kou pou minui.  Chak kou, yon grenn rezen. Gen kay ki dekore ak fui, mayi, diri, kannèl,  po flè jòn.. Anpil frechè pou atire lapè ak latrankilite.

Nan peyi Wòm, peyi Pap la,  31 desanm a minui moùn yo apiye sou balistrad balkon kay yo, yo voye jete vye chodyè, vye asyèt, vye mèb,  vesèl kalbose, vye gode kobosko… Gen lòt menm k’ap fè lapwòpte, bale devan pòt yo osnon bale lari yo.  Italyen yo manje nèt jou sa-a. Epi yo pran desè gato ki fèt ak siwo myèl…houn ! bon bagay !

An Frans gen yon bagay ki atire atansyon nou. Joudlan se plis yon jou pou timoùn. Se tankou  alowin Ozetazini. Yo bay timoùn sirèt ak jwèt. Jès sa-a rele “étrennes”. Eben se la wi mo “zetrenn” nan soti nan lang kreyòl-la.

Lakay ann Ayiti, Premye Janvye, se moman pou timoùn al salwe marenn yo, parenn yo, granpè ak grann osnon tonton ki ba yo zetrenn.  Yo ba yo ti vè likè ak yon tranch bonbon. Osnon bonbon ak kola. Gen ki ba timoùn yo yon ti monnen osnon yon fèy pyas tou nèf… (Alòs, lè sa a pyas te gen valè nan peyi-a). Ann Ayiti, joudlan rive jouk Lèwa ki se 6 janvye, fèt Epifani, fèt 3 wa maj Gaspard, Melchior ak Balthazar ki te pote kado pou ti Jezi. Yo te pote lò, bijou, lansan ak bonjan pafen santi bon. Jou 6 janvye sa a Legliz katolik ak Episkopal fè  gwo selebrasyon.  2 Janvye menm se fèt ewo nou yo. Gason ak fanm vanyan ki te goumen ak kolon yo pou te ban nou endepandans epi kreye nasyon an. Nan peyi pa-m Okay Difon premye janvye apre mès te-deum dyak sou dyak,  tout moùn pran lari al nan parad lame d’Ayiti. Yon ploton abiye byen fen,  tout de blan, gan blan, bòt sire klere kon miwadèzany ap mache opa tankou sòlda Kore-di-Nò. Yon  ekzèsis militè wololoy, kwaze fizi, frape fizi, woule fizi tounen  majòjon sou tèt yo… Sou kòmandman yon seri jenn ofisye  chèlbè, fènk diplome nan akademi militè.  Timoùn kou granmoùn ap mache opa de bò lari pandan y ap fredonen mizik nasyonal yo. Yon lòt bò elèv Lekòl yo ap fè parad, ap mache opa sou kadans C’est Nous la jeunesse etudiante…

2 Janvye, moùn sou moùn sanble sou laplas dam Okay pou yo asiste osnon patisipe nan jwèt kous bisiklèt,  kous sak, kous apye.  Timoùn yo fè woulibè, yon kalite paten, yoùn ap pouse lòt. Gen timoùn k’ap monte sèvolan, gen k’ap jwe mab …Anfen, anfen se bèl anbyans. Pi bèl anbyans lan se masuife-a sou laplas dàm Okay. Masuife, s’ on gwo poto tou won, byen wo, badijonnen ak suif; sou tèt li yon ti sak lajan ak yon ti drapo ble-e-wouj k’ap flote. Blan fransè yo  rele-l mat de cocagne ki menmjan ak sa noumenm Ayisyen, nou rele an Kreyòl MASUIFE. Se yon poto tou won yo grese ak suif. Sou tèt li, yo mete kado, lajan ak manje moùn k’ap  monte yo ap eseye trape.

Masuife nan peyi Okay se gwo plezi,  moùn ap pouse pou yo wè kiyès ki pral grenpe poto a. Pou eseye yo eseye. Men chak fwa yo rive mwatye chemen yo glise iiiiiiiiiiiiiiiiii yo tonbe. Yon lòt gwoup eseye, yoùn ap monte, lòt yo pa anba ap bay dada. Soutni, rale,  pouse,  kenbe…Ayayay timoùn kou granmoùn ap chofe jouk finalman byen ta nan aswè,  apre anpil kout sann ak sab, yo rive  pran ti sache-a,  epi yiiiii li glise desann. Ou panse tout moùn ta bat bravo, dekore nèg la ki rive  monte masuife-a ?… O.o. Devine kiyès ki anba-a ap tann ni. Lapolis. Yo tou fouke moùn sa-a, mennen-l nan biwo lapolis, pran anprent li, kale tèt li, klase-l kòm pi gwo « vòlè » ki genyen nan vil la… Ewi, se konsa yo trete frè nou yo apre yo fin amize tout yon popilasyon. Se pa san rezon pwovèb-la di « lavi isiba s’on ma-sui-fe »…

Lakay 31 desanm  a minui tankou nan anpil lòt peyi, gen Ayisyen ki simen diri ak pitimi nan tout kwen kay la. Yo limen balenn  pou yo chase movezè. Yo wouze kay la ak bazilik. Yo bale tout kwen pou fè lapwòpte.  Timoùn yo, byen penyen, ti rad joudlan yo sou yo y’al vizite lafanmi. Bòn yo, gason lakou, rèstavèk, yotout byen fen, byen poudre ak poud detak, santi bon fòk paplis ak pafen maydrim, y’al nan bal osnon nan konsè lame d’Ayiti òganize pou polilasyon-an sou laplas dam.  Gen fanmi ki fè bal lakay yo. Bal pou jennjan osnon bal monkonpè-makomè. Yo bwè likè, manje bonbon jouk yo gen endijesyon, bwè kola Lako osnon kola Jannini. Se nan ti bal sa yo, yo rankontre ti mennaj yo, kenbe men, fè ti bo nan fènwa.

Men sa ki pi bon lè joudlan rive se soup joumou.  Yo sèvi Soup nan tout kay yo. Teledyòl  rapòte  lontan lontan, nan tan lakoloni  pou Joudlan blan, kolon yo te konn bwè soup joumou. Enben apre revolisyon-an, Desalin anbake tout blan sa yo voye yo jete, (nou sonje dènye batay-la te fèt nan vil Kap Franse e se Angle yo ki te ranmase  yo sou lanmè al lage yo nan prizon Jamayik). Enben, Premye Janvye 1804, se te tou pa esklav yo pou yo te  kraze yon bon soup joumou  ak vyann bèf, pye bèf byen lage pou remonte yo apre 300 ane nan lesklavaj. Epi, se konsa wi -yo di- tradisyon-an rete. Eske se vre? Anpil otè bay vèsyon pa yo men sa ki sèten premye janvye,  nan peyi nou,  nan tout kay se soup joumou ayisyen sèvi. Nan pita yo konn fè yon ti diri kole ak pwa wouj byen gra epi yo pran desè kremas ak bonbon. Se sa k fè  kremas vin yon tradisyon depi  epok sa-a rive tout moun ap fè kremas, achte kremas osnon likè.  Kremas tounen yon bwason nasyonal. Nan demen 2 janvye se Memoryal Day lakay pa nou. Jou pou nou  jete ti dlo pou tout ewo nou yo.  Jou nou renmèsye zansèt yo pou sakrifis yo te konsanti pou nou. Ofisyèl peyi-a al nan te-deum epi depoze bouke flè sou plas endepandans lan. Jou sa-a fanmiy yo touye kodenn, sèvi diri kole ak pwa ak banann peze. Se 2 janvye ki Thanksgiving pa nou wi, noumenm ayisyen natif-natal. Ozetazini se twazyèm senmenn mwa novanm.

Pou nou fini premye janvye, se jou pa nou Ayisyen. Li gen yon siyifikasyon espesyal pou nou. Se pa yon jou kòmsi-kòmsa. Se yon jou pou nou chita reflechi sou kokennchenn revolisyon sa-a ki penmèt nou  kanpe, frape lestonmak nou  pou di nou se premye nasyon nèg, lib-e-endepandan nan emisfè-a. Se jou nan tout legliz karyonnen pou reveye mò yo ak vivan ki nan dòmi,  simen dlo benit sou nanm zansèt nou yo ki te batay pou ban nou endepandans sila-a. Se vre nou fè kont gagòt nou. Nou pèdi prestij nou. Yo rele n ti mandyan, peyi ki pi pòv. Lanati ap sakaje byèl nou.  Zòt swadizan peyi zanmi nou ap betize ak nou, lage  nou anba onbrèl dominasyon paske inite, solidarite,  fratènite ki te simante nou an ;  e ki te penmèt nou te mete tèt ansanm pou n’te fè Premye Janvye 1804-la defalke, fann an miyèt moso.  Zòt simen ladivizyon.  Zòt ankouraje dirijan yo lisans pou yo vole, piye, masakre pou yo ka dominen.   Men, li poko twò ta. Nou konte sou nouvo jenerasyon-an lakay tankou nan dyaspora ki yon jou va resisite Tousen Louvèti, Janjak Desalin, Aleksann Petyon, Anri Kristòf, Kapwa Lamò, Chalmay Peralt… tout atibon legba sa yo, potorik gason sa yo, brave danje sa yo ki te bay vi yo pou nou te ka gen yon peyi, yon nasyon ; tout gason ak fanm vanyan  sa yo, va enspire nouvo jenerasyon-an  pou yon dezyèm endepandans. Non, li poko twò ta.  Depi gen lavi gen espwa. Ayisyen toupatou, an nou bay lammen pou yon pi bon demen. Bòn Ane tout moùn !

Jan Mapou

Venez me retrouver à la :

Libreri Mapou 

5919 NE 2nd Ave, Miami, FL 33137 – (305) 757-9922

www.facebook.com/librerimapou/

mapoujan@bellsouth.net

 



Related Articles

No comments

Write a comment
No Comments Yet! You can be first to comment this post!

Write a Comment

Laisser un commentaire

Nous avons besoin d’amourrrrr !

Un like sur Facebook, c’est très important pour la presse indépendante

Vous pouvez le faire ci-dessous.   MERCI A VOUS !